|
Rezo fanm nōdès/ SANT PON AYITI Rapō Mwa Janvye 2008 "Yon ka koneksite nan zōn Kap" Nan dat ki te 26 janvye 2008 lan, dominiken leve jwen sou bò fwontyè dominiken an fas ak komin kapotiy ki twouve li nan arondisman wanament nan depatman nòdès, yon fanm kouche atè a, mouri frèt. Se te yon ayisyèn. Pawòl la te rete sendomeng, li pa t ko rive Ayiti, pandan ke okri tap bouyi nan komin kapotiy pou yondam ki rele Accilia Joseph paran li pa t wè li. Yon sè li ki rele Carline Joseph te ale kote Annette Prud’homme ; Annette te bay dam nan nimewo telefòn mwen kòm moun ki travay sou monitoring ak swivi sou ka vyolasyon dwa moun nan Sant Pon Ayiti. Mwen te konseye yo al pote plent nan komisarya kapotiy ak nan tribinal de pe kapotiy. Se konsa yon ankèt te deklantche e konsa la polis te rive mete men sou 7 moun ki et konplis nan touye ak fè kadejak sou Accilia e jete li sou lòt bò fwontyè a. Non moun yo arete yo se : Evena Adrien- Flériné Fénélus- Elius Fénélus alyas tchen- Momone Pierre alyas wonfle- Johny Jean Baptiste- Fénélon Adrien- Georges Joachim- Beauvin Fénélus. Moun sa yo twouve yo nan prizon sivil Fòlibète kounye gras a travay rezo fanm Nòdès nan dosye a. Gladys Manigat, Responsable komisyon Monitoring ak swiv (...)
|