Formation Radio 23 fevrier 2008
Écrit par Administrator   
Mercredi, 02 Juillet 2008 09:50

Prise de Photo de la Formation du 23 Fevrier 2008 au local du SANT PON AYITI

Elaboration et Gestion de la programmation dans les radios locales 

Image  Image Image Image Image ImageImage

Lire la suite...
 
Masak Gwayoubin
Écrit par Emmanuel DELVA   
Mardi, 17 Juin 2008 19:00

MASAK GWAYOUBIN : 8 LANE APRE, ENPINITE DWE KABA, VIKTIM KOMÈS MOUN SA YO DWE JWENN JISTIS !

Image
Point de Presse
18 jen 2000 - 18 jen 2008 : sa fè 8 lane depi yon gwoup militè dominiken te louvri zam sou yon kamyon chaje ak yon trantèn Ayisyen-Ayisyèn boukonn t ap janbe nan zòn Nò Repiblik Dominikèn, nan kad yon trafik moun. Sis (6) ladan yo te mouri sou plas ; plis pase yon ventèn lòt pasajè te blese grav. Te gen yon sitwayen dominiken tou, abò machin nan, ki pèdi lavi l nan sikonstans la.

Depi 8 lane, se similak ase, otorite Repiblik Dominikèn yo, ap fè ak dosye a. Yo deklare se yon kamyon ki t ap transpòte dwòg ak zam. Gen nan militè yo te akize nan krim nan, ki menm rive jwenn bous pou yo pati aletranje. 4 Militè yo akize yo, se : Felison Lagranje Vargas, Juan Camacho, Bernardo Nuris ak Santiago Tolentino.

Gouvènman Leonel Fernandez, ki te sou premye manda l, te bay gouvènman ayisyen an asirans lajistis gen pou l triyonfe. Bò kote pa l, prezidan René Préval, ki limenm tou, te sou premye manda l, anonse, apre 8 jou masak la te fin fèt, li monte yon komisyon ankèt. Jis jounen jodi a, rezilta ankèt sa a poko pibliye.

Òganizasyon dwa moun nan peyi d Ayiti, tousuit apre masak la, te fòme yon komite suivi ki gen ladan : GARR, Sant Pon Ayiti ak NCHR ki vin RNDDH.

Òganizasyon sa yo te akonpaye fanmi viktim yo nan rankont ak otorite yo, espesyalman nan Ministè Afè Etranjè pou mande gouvènman ayisyen ede fanmi yo sou dosye a. Otorite yo resevwa demann nan men yo pa briding kò yo, anfavè viktim yo.

Nan lane 2008 la, Komite suivi a te kontinye pouse dosye a jis li rive devan Komisyon Entèamerikèn Dwa Moun. Nan mwa janvye 2008, gouvènman dominiken an repete menm deklarasyon kòmkwa, se sou yon kamyon zam ak dwòg 4 militè dominiken yo akize yo, te tire. Yo deklare, yo fè jijman militè sa yo deja, tout bagay klase pou yo.

Fasa sitiyasyon sa a, Komite Suivi a mande Komisyon Entèameriken Dwa Moun transmèt dosye masak Guayubin nan bay Lakou Entèameriken Dwa Moun, pi gwo tribinal nan Rejyon an.

Noumenm, manm Komite Suivi Dosye Gwayoubin nan, nou rete kwè enpinite se yon pwazon nou pa dwe tolere nan relasyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Pou bon rapò ki make ak respè youn pou lòt ka blayi nan mitan pèp ayisyen ak dominiken ki se vwazen, fòk lajistis blayi.

Dosye trafik moun sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn tankou dosye masak Guayubin pa dwe tonbe nan tiwa listwa. Militè yo akize yo : Felison Lagranje Vargas, Juan Camacho, Bernardo Nuris ak Santiago Tolentino dwe jije kòmsadwa epi resevwa pèn yo merite.

Nou mande pou presidan René Préval, ki te mete sou pye Komisyon Ankèt sou masak la, pandan premye manda l, nan lane 2000, pibliye rezilta ankèt sa a, nan lokazyon 8tyèm anivèsè masak sou plizyè Ayisyèn-Ayisyèn nan Guayubin.

ABA TRAFIK AK TRÈT MOUN SOU FWONTYÈ A ¡ ABA ENPINITE ! JISTIS POU TOUT VIKTIM GUAYUBIN YO !

Lire la suite...
 
HAÏTI - Culture paysanne et développement rural
Lundi, 26 Mai 2008 19:00
HAÏTI - Culture paysanne et développement rural

Pour parler de la paysannerie haïtienne, de son rapport avec le milieu rural, de son écoute des propositions de la communauté internationale sur la modernité, il faut remonter vers la genèse et la formation même de cette paysannerie.

Un peuple en construction

La paysannerie haïtienne provient de la masse d’esclaves qui a contribué, aux côtés des fondateurs de l’Indépendance, à la construction de cet Etat nation que devrait être Haïti. Au départ, il s’agissait d’individus, à peine sortis de l’esclavage, analphabètes et sans référence commune – puisqu’ils provenaient de tribus africaines différentes, avec des dialectes très éloignés, ce qui entraînait des problèmes de communication.

Le premier exploit remarquable de cette masse humaine a été de construire une langue, le créole, à partir des différents dialectes africains, avec des emprunts à l’espagnol et au français. Cette langue d’échange servira ensuite pour réaliser la révolution.

Les Haïtiens ont mis au cœur de leur démarche la foi dans la liberté, dans le sens des libertés citoyennes, et aussi celle de décider eux-mêmes de la façon de construire leur avenir.

Enfin, ils ont mixé leurs cultures, venues d’Afrique de l’Ouest ou d’Afrique centrale, avec la religion catholique, dans le syncrétisme qu’est le vaudou.(...)

Lire la suite...
 
Le vodou au delà du mythe
Écrit par Administrator   
Mercredi, 12 Mars 2008 19:00

Conférence sur le vodou à l’occasion de la troisième foire binationale à Belladere, le 13 Mars 2008

Le vodou au delà du mythe

Je vais commencer par une phrase du père Yves EDMOND, le coordonnateur du SANT PON  AYITI : « Un peuple sans culture est un peuple sans mémoire, elle est le moteur de la société, la matrice de la société »

 La culture nous permet de nous identifier l’un de l’autre. Nous-mêmes haïtiens qui sommes le premier peuple noir du monde qui a délibéré l’humanité d’une chose bestiale, inhumaine qui est l’esclavage est entrain de vivre une situation catastrophique à savoir Le bovarysme collectif c’est-à-dire la faculté que s’attribue une société de se concevoir autre qu’elle n’est. Il n’est pas sans savoir que chaque peuple a son mode de vie, sa vision cosmique et une vision idéelle. Donc, pour nous-mêmes haïtiens, ces valeurs sont caractérisées par le vodou qui est le ciment même de la société.

C’est quoi le Vodou ?

Le vodou tire son origine de l’Afrique, sur les rives du fleuve Mono qui sépare le Togo du bénin. Le terme vodou, dans les langues EWE et FON du Dahomey signifie esprit, divinité. Il s’est par la suite développé en Haïti ou les esclaves, la nuit tombée, entonnaient des chants et exécutaient des danses endiablées. Le vodou est véritablement né dans les champs de coton et de canne à sucre. Pour les esclaves, ce culte était un lieu de refuge, un endroit où ils pouvaient se ressourcer. Comme le créole, le vodou est un langage secret dont les esclaves se servaient entre eux pour communiquer et pour retrouver un peu de dignité. C’est d’ailleurs lors d’une célèbre messe intitulée Cérémonie du Bois Caïman que les esclaves, galvanisés par la danse et la communion avec les esprits ou lao auraient trouvé la force de se révolter en 1791 contre l’esclavage donc, le vodou est en fait la première forme de rébellion contre l’esclavagisme.

 Aujourd’hui, certaines personnes continuent toutefois d’associer le vodou aux maléfices et aux sortilèges. Certaines pratiques du vodou peuvent choquer à cause du  bovarysme mais elles ne sont qu’une infime partie du culte. Tout ce qui venait d’Afrique à l’époque était associé à la bestialité c’est pour cette raison la vision diabolique du vodou est resté dans l’inconscient collectif.

Sous la présidence d’Aristide, en 2001, le vodou est officiellement reconnu en tant que religion en Haïti, après plus de 300 ans de pratique par la population. Plus qu’une religion officielle, le vodou est intimement lié à la culture haïtienne.

Qu’on l’accepte ou pas, tous les haïtiens sont des vodouisants parce que nous avons tous un loa qui nous protège et je dirais même que tous les dominicains sont aussi des vodouisants parce que les loa sont partout, ils sont universels. Donc, la troisième foire binationale est  une occasion qui nous permet de réconcilier avec nous-mêmes. Nou dwe fouye rasin nou pou nou konn kiyès nou ye paske se nan kilti nou pou nou vanse. Quelque soit le pays, le développement se passe par une vision idéelle de la société à savoir sa vision cosmique, sa croyance, etc. Donc, chaque haïtien, chak dominicain dwe antre nan yo menm pou konprann ke nou se frè ak sè. Lil Kiskeya se pou nou li ye, se pou nou met tèt ansanm menm jan zansèt nou yo te fèl le yo t’ap retire nou anba esklavaj, pou nou ka devolpe zile a tout bon vre. Se yon obligasyon li ye pou nou e chak moun dwe fe efò pou sa rive fèt.

Nan okazyon twazyem fwa binasyonal la, PAPA GEDE ki se papa tout pitit voye yon mesaj enpotan pou de pep yo :

 « AYISYEN AK DOMINIKEN, LE A RIVE POU NOU ZINI NOU TOUT BON VRE POU ZILE KA DEVLOPE PASKE NOU TOUT SE VODOUYIZAN »

                                                                                                                             BLAISE Fatner, SANT PON AYITI

 
<< Début < Préc 1 2 3 4 5 6 7 8 Suivant > Fin >>

Page 5 de 8

Gade l jan l ye a

  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
  • JoomlaWorks Simple Image Rotator
santponayiti.org, Powered by Joomla!; Joomla templates by SG web hosting