Campagne Contre le trafic des Enfants SOLIDARITE AK TIMOUN: WI! SOLIDARIDAD CON LOS NINOS: SI ! 1804 – 2004 200 lane depi zansèt nou yo te selebre devan tout pèp sou tè a viktwa libète sou lesklavaj Rèv yo se te : Pou tout ti ayisyen viv nan lonè ak diyite toupatou Pou lesklavaj kaba toupatou sou tè a Pou Ayiti tounen yon tè dakèy ak solidarite pou tout pèp ki swaf libète ¿Cuál era el sueño de los primeros luchadores de la isla ? ¡Qué todos los niños y niñas de la isla vivan con dignidad! ¡Qué se acabe la esclavitud en el mundo entero! ¡Qué nuestra isla se transforme en una tierra de acogida y de solidaridad para todos los pueblos sedientos de libertad! 200 lane aprè, kisa rèv sa tounen? Daprè konsta INISEF, OIM, SANT PON AYITI, GARR ak plizyè lòt enstitisyon k ap travay nan peyi Dayiti ak nan peyi Dominikani fè sou teren an, chak ane gen prèske 2 mil jiska 3 mil timoun ki travèse Fwontyè pou al chèche lavi nan peyi Panyòl.Gen ladan yo se yon paran ki mennen yo. Men gen anpil lòt se yon pasè osinon yon boukonn ki travèse ak yo. Pifò nan timoun sa yo, nou retwouve : Nan lari Sendomeng ap mande. Sitou zòn Santyago nan nò peyi Dominikani Sou plas piblik y ap netwaye soulye Nan kwen kalfou yo osinon sou twotwa yo ap vann pistach, dous Nan yon fanmi dominiken kòm restavèk ¿después de 200 años de historia qué queda de este sueño? Según las investigaciones realizadas por la UNICEF, la OIM, el CENTRO PUENTE de Haiti y otras instituciones presentes en Haiti y en la República Dominicana, entre 2 mil y 3 mil niños y niñas cruzan cada año la frontera para buscar la vida en la República Dominicana. Entre esos menores de edad, varios son traídos por algún pariente; pero muchísimos son engañados por traficantes o buscones; a esos niños y niñas, los podemos encontrar en los lugares siguientes: En las calles de las ciudades, especialmente en Santo Domingo y en Santiago de los Caballeros en el Norte del país En los parques donde se dedican a limpiar los zapatos En las esquinas de las calles donde venden maní, dulces o cualquier otra cosa Como sirvientes o sirvientas, en una familia dominicana |